Apre yon si bèl album ke Zenglen mete deyò, djaz la ponko janm ka jwenn rezilta e yo konnen trè byen se rezilta ki konte. Yon djaz ki si tèlman ap byen jwe live, men pou yon rezon, olye yo pran elan, se ralanti yo ralanti. Sa pagen anpil tan depi Zenglen chanje maestro kote Brutus pase job maestro a a Reginald Cange. Pandan tout moun paka tann pou yo wè sa Reginald pral pote pou djaz la, ebyen se mizisyen ki ba djaz la do.

dano

Apre Dano Eugene ki se keyboardist finn lage yo foto toutouni sou paj facebook li, konye a, li ekri sou paj facebook li, ni li, ni Drasso pa nan zenglen ankò. Li ekri, nou ba Zenglen 100% de nou, men nou pa nan Zenglen ankò. Daprè buzz ki genyen andedan dosye sa, se paske Zenglen pagen direksyon ki fè mizisyen sa yo ba group la vag.

rezilta bay
*Note:

Kenny Zenglen aka Kennyway gen yon album ki pral soti