Yon atis se vwa yon nasyon se sa yo toujou ap di, men sa yo pa di, se yon Atis se vizaj yon peyi tou. Ti moun tankou jèn granmoun ap swiv sa yon atis fè. Wi se yon pèfòmè ou ye, fò ke ou kenbe fanatik sou pye yo. Men gen yon seri debagay k'ap fèt nan endistri mizik Ayisyen ki pou non (HMI). Gen de aksyon yon atis fè li pa sèlman deminize tèt li, men li deminize tout yon indistri.
Gazzman Couleur pandan l'ap pèfòme, yon jèn fi monte sou sèn nan, al souse tete goch li, pandan l'ap roule te dwat li. Se aksyon sa yo ki fè yo di Atis se vagabon, se sanzave. Bagay sa yo ap rive trè souvan. Si'w panse foto sa explisit, gade anba. Mwen jwenn yon seri de foto sou yon lòt Ayisyen mete yo pa anba.
Tou dènyèman nan mwa Novanm 2011, yon djazz Miami ki gen pou non Gabel, rive an France pou la premyè fwa dezabiye yon fi sou sèn nan. Yo retire kilòt fi an, soutyen fi, e sa se yon plezi pou yo. Pa gen yonn nan yo ki kanpe pou di piga yo fè sa a. Yo itilize kilòt fi an ak soutyen fi an kòm yon trofe. San ke yo pa mete nan tèt yo fi an ka t'ap bwè tròp li sou, li pa reyalize sa li ap fè an.
Fanatik menm toujou pre pou yo ba fi an tò, epi atis soti kòm yon ero. Lè ke atis sa yo ap fè mouvman kokorat sa yo, sa an pwazone tèt jèn atis lan k'ap vini. Si mesye sa yo fè'l li oke, ebyen li nòmal pou yo fè li tou. Apre sa yo bay tout nasyon tò paske yo pa sipòte yo. Aksyon'w di kijan de moun ou ye. Ou ka di atis etranje an fè'l yo pa di anyen, ebyen nou menm se Ayisyen, mèt rele nou ti peyi ti mès, n'ap ak septe'l, bagay sa yo se salte yo ye nan figi moun.
Kouman ou vle pou yon moun ki gen respè pou tèt li al gade'w lè w'ap jwe.
Mwen renmen ANMWE nèt paske bagay sa yo ap pase trò lontan mwen pa te ka jwenn yon kote pou mwen poste yo pou te ka fè kominote Ayisyèn nan wè sa yon seri de bagay sal anpil atis ap fè