Mass Konpa rive an Frans, depite Gracia Delva al mete konpa sou yo. Alò nou pa ka di atis la pa danse. Pou yon rezon medam yo ap chèche yon fason pou fè non yo. Toujou gen yon grenn ki pre pou li fè dè betiz. Si w'ap tande kouman lontan lè moun te konn al nan bal, te gen chèz tab pou moun chita, ou sèlman leve lè ou pral danse. Pa tro lontan moun te kon jis kanpe tande mizik, danse. Bagay yo chanje medam yo toujou pre pou yo monte sou sèn nan, e atis yo menm deja pare pou yo ale byen lwen avèk aksyon ki pou fè yon seri de moun etone. Atis lan, non se pa atis, depite an ap pran yon danse devan dèyè, avèk paspò diplomatik li nan pòch dèyè'l jis an Frans. Eske nou panse li ka fè ti sa?
Atis lan se yon ti danse li t'ap fè wi, non mwen vle di depite a se yon ti danse li t'ap fè. Sa pa trò mal non. Sèl sa mwen vle konnen eske li te gen konje.