Anmwe! Boulva

Freedom of Expression

Si'w ta vle tande yon ti mizik tcheke Chanèl ANMWE a sou Youtube. W'ap jwenn mizik sou li ke ou pa tande lontan. Pa ezite klike sou foto sa a, pou al gade seleksyon nou genyen.
Pase yon bòn joune ak yon bòn sware, ak ((( AR ))). Mizik apre Mizik san entèripsyon. Konpa Love, Zouk, Konpa Dirèk, Levanjil, Rap Kreyòl, etc...
Si ou gen yon biznis, mizik, Video, Film, Restoran, evènman, Facebook Page, etc... Promote li sou ANMWE! Pou mwens ke $10 pa jou, piblisite'w ka plase la (786)361-8053

Foto paspò Ameriken Prezidan Michel Joseph Martelly senatè Moise Jean Charles pibliye

Posted by Baba
Baba
Baba has not set their biography yet
User is currently offline
on Wednesday, 18 January 2012 in Politics

 

Plizyè rezon pou yon moun pa kwè nan foto paspò sa a ke senatè Moise Jean Charles di se pou prezidan. 

Prezidan Michel Martelly pa gen cheve nan tèt li kèk ane. Kòman fè yon paspò ki fèt an 2007, pou prezidan parèt jèn konsa ak tout cheve sa nan tèt li. Yo bay paspò Ameriken pou 10 ane, nan foto paspò sa a, yo ba li'l pou 5 ane. Epi jan de paspò sa yo se ansyen stil paspò yo ye, sa Haiti, Port-au-Prince ap fè ladan, Haiti se vil lan, Port-au-Prince se peyi an, nan paspò Ameriken, lè'w natiralize se sèl peyi ou fèt lan yo mete, yo pa mete vil ou fèt lan. Epi se ki non Prezidan. Se Michel Joseph Martelly, kouman fè nan paspò a non li se Michael Joseph Martelly.

Alò pou yon senatè pran tout enèji li pou li al prouve yon bagay ki pa menm verite. Foto paspò sa pa bon, al fè rechèch toujou mesye le senatè. Mouvman sa se mouvman vagabon. Tanke li pran tan pou'l travay ak prezidan li pito pran tout tan li pou li kreye problèm pandan pèp lan ap pase mizè. Gen anpil travay ki gen pou fèt. Pa gen sikilasyon nan yon peyi, pa gen rout, aksidan machin ap tiye moun apre moun akoz de neglijans chofè, oubyen mèt machin. Yo p'ap fè anyen pou amelyore vi ti malere yo. 

Li nesesè ke Senatè Moise Jean Charles bay demisyon li pou betiz sa  li voye nan figi moun. Lòt senatè a dwe pran yon aksyon kont misye. Avan ke ou al fè yon fo dokiman, ou dwe fè rechèch avan, epi avan ou al prezante'l bay yon moun ou dwe konpare avèk yonn ki vrè, pou wè si ou pa fè erè ladan.

Rate this blog entry
0 votes
Baba has not set their biography yet

Comments