Gwo lese frape devan fakilte etnoloji kote etidyan yo t ap kalonnen prezidan Michel Martelly ak kout wòch pou anpeche l rantre nan fakilte a, yon sitiyasyon ki vin agrave kote lapolis ap tire, voye gaz ak baton. Sekirite prezidan yo kraze tout baryè fakilte a, gen etidyan ki bloke anndan an, anpil nan yo blese, pran nan gaz. Yon sitiyasyon lapolis ap eseye kontwole ak foul moun ki mase nan zòn channmas la rive jouk nan fakilte a. Se ak kout baton nèg yo ap evakye foul moun ki sou plas la, tout zòn channmas la jouk rive devan fakilte a, anpil moun pran nan gaz, gen moun ki endispoze. Se sekirite Prezidan Michel Martelly yo ki fè prèske tout dega yo, se pa 2-3 kout baton nèg yo pa voye anndan, yo bay gaz, yo kraze pòt biwo epi plis yo ap tire, se plis etidyan yo ap voye wòch, se sa ki sanble fè yo plis vekse, yo kraze baryè a pou al bat etidyan yo.
Yo resi ka rantre nan lokal fakilte a kote etidyan yo ap eksplike sa k pase a. Daprè yo se yon aksyon ki te byen planifye, paske te gentan gen nèg ak zam ki te gentan poste devan inivèsite a anvan prezidan an ki limenm vin debake ak kòtèj li. Nap konstate kantite dega ki fèt nan lokal la ak lakou fakilte a kote biwo, pòt, bibliyotèk kraze san konte tout machin ki sou lakou a yo kraze. Gen anpil patizan prezidan an ki mase ko yo devan fakilte a ki pare pou fè fas kare ak etidyan ki fistre yo, daprè deklarasyon ki soti nan bouch patizan prezidan yo, etidyan pa bezwen panse yap ka fè sa yo te fè nan lane 2004 la, men patizan prezidan sa yo bliye ke prezidan an ak etidyan yo te nan menm mouvman 2004 la, yo te antann yo pou te deboulonnen pouvwa Jean Bertrand Aristide la.
Li vrèman difisil pou jounalis apwoche lokal fakilte a, menm gen yon jounalis ki blese men yo poko konnen pou ki jounal lap travay. Nan moman sa a gen yon etidyan yap transpote nan anbilans ki apenn rive nan fakilte a. Prezidan an kite zòn fakilte a, pou kounye a li twouve l nan palè nasyonal la.