Pòtoprens Apre kominike biwo kominikasyon prezidans lan te lanse bay popilasyon ak la près pou anonse yo ke bò 3: 00 è p.m., sa a vandredi 17 fevriye 2012 sa, kote yon gwoup individi bò fakilte Etnoloji a, te atake kòtèj Pwezidan repiblik lan ki te nan zòn Champs de Mars la, kèlke minit pita, prezidan Repiblik la te retounen sou sèn nan atak la ankò.
Kòdon sekirite pwezidansyèl la ki byen vit te pwan tout mezi ki nesesè pou asire sekirite ak pwoteksyon pwezidan an ki te vin pèmèt li kapab retounen ankò sou sèn lan apre ke li te deja finn rive nan palè nasyonal la.
Prezidan repiblik lan ak pwemye dam lan te retounen sou sèn nan e te pwomennen anpil nan fè ale vini. Te gen yon gwo foul sitwayen ki tap mache ak chèf leta a ki tap chante e ki tap lanse kòm slogan:
« Martelly peyi a se pou ou li ye kale kò w jan w vle »
« Nou pa pè nou pap jan m pè ».
Pwezidans lan di konsa atansyon a tout moun kap tansmèt mesaj pou voye moun fè vyolans, kap vyole lalwa. Pwezidans lan mande pou popilasyon rete kalm epi pwofite ankouraje tout sitwayen pou fè yon tèt ansanm pou yo travay nan respè lalwa ak pwensip demokrasi, pwogrè ak estabilite pou byen peyi nou.
Niss Leroy
www.anmwe.com