Zak sa a rive samdi 11 fevriye sou wout nasyonal #2 a nan zòn Papet ki nan 7e seksyon grangwav ( Grand-Goave ). Daprè moun ki pwòch viktim yo kite vin dèyè kadav yo pandan semèn nan, se JACMEL yo pran medam yo. Pyès moun paka di pouki rezon. Moun sa yo te avèk menm rad degizman KANAVAL SOU YO. Krim sa fèt pandan kanaval Jacmel la.
Lapolis ak Lajistis nan Grangwav dekouvri kadav 3 fanm youn mare ak lòt ke bandi yo pa rive idantifye tire epi mete dife sou yo. Zak kriminel sa a rive nan lokalite Papet (zaon Twou boulet) ki chita nan 7e seksyon. Daprè Abitan nan Zòn nan... Zak sa rive nan lanwit 10 pou rive 11 fevriye 2012 la, kote anpil katouch te tire. Daprè enfomasyon nou rive jwenn 3 moun sa yo se yon manman ak 2 pitit fi l ke bandi nan Jacmel kidnape epi vin fizye yo nan zòn nan (sa se daprè paran viktim yo). Se vrè imaj sa a yo dwòl men nap mande gen yon ti kouraj pou wè eta krim nan. Paran moun sa yo se kòd nan vant tèlman yap kriye .
Posted on facebook by: