Anmwe! Boulva

Freedom of Expression

Li pi rapid, san problèm li atik sa pou konnen ki jan pou ou ka konekte sou ANMWE! ak Facebook. Ekri statis sou Anmwe! li ap parèt sou Facebook.
Pase yon bòn joune ak yon bòn sware, ak ((( AR ))). Mizik apre Mizik san entèripsyon. Konpa Love, Zouk, Konpa Dirèk, Levanjil, Rap Kreyòl, etc...
Si'w ta vle tande yon ti mizik tcheke Chanèl ANMWE a sou Youtube. W'ap jwenn mizik sou li ke ou pa tande lontan. Pa ezite klike sou foto sa a, pou al gade seleksyon nou genyen.

Gazzman Couleur vle montre Arly avèk Richie li ka prodwi mizik tou.

Posted by Mezanmi
Mezanmi
Mezanmi has not set their biography yet
User is currently offline
on Monday, 20 February 2012 in Music

Gazzman se yonn nan pi gro atis Ayisyen gen nan moman sa a la. Men lè ou di Kanaval, se dènye atis w'ap tann pou li parèt sou yon cha. Se pa paske li pa ka fè yon kanaval non men se paske li pat janm konn fè li. Tout moun ka fè yon kanaval. Lè sezon kavanal se lè sa a ou tande non djaz ou pa te janm konn tande. Avèk Gwo pwisans djaz, tankou T-Vice, Djakout, Kreyòl la, Carimi, tout moun k'ap swiv kanaval deja konnen Gazzman pa gen plas li la.

 

 

Apre tout koze ki te gen ke Gazzman t'ap pral jwenn Richie pou yo fòme yon djaz, kote ou te jwenn anpil moun te wè se yon bon mouvman pou Gazzman avèk Richie ebyen jis paske Richie pa vle non DISIP lan,  Gazzman kraze ki te sa. W'ap jwenn anpil moun dakò, paske si non DISIP lan pa egziste nan Konpa ankò sa t'ap yon gwo echèk pou Gazzman. Li pa te ka fin kite Nu-Look kote li di li ka fè, konnya pou li kraze DISIP pou li al jwenn Richie. Si non DISIP lan t'ap nan non nouvo djaz Richie ap fòme a alò la, li t'ap jwenn eskiz pou li di, se Richie ki vin jwenn li. 

Alò lè'w nan yon pozisyon kote ou kite Nu-Look, ou jwenn yon chans pou al jwenn yonn nan pi gwo prodisè nan Konpa, ou pa ale, konnya ou nan pozisyon fòke ou prouve ou ka fè. Ka fè Gazzman se yon kanaval. Ki sa l'ap sèvi'l, pa gen moun ki konnen, paske ou wè li pa gen plas li la. Lè pou li te fè yon kanaval pou li te atake Gracia Delva, tan pase. Gracia pase tout karyè ap choute sou Gazzman, tout kanaval depi li nan Mass Konpa, se sou Gazzman, li pa te janm reponn, ni fè yon kanaval pou kontre kare Gracia, alò nan 2012, li mete kanaval deyò ap choute Gracia. Sa a se yon pèditan, yon sans de dezesperasyon. 

DISIP nan yon tou kote fò gen anpil demagoji ki pou ta fèt pou li soti la dan. Gazzman p'ap gen yon sèl djaz pou li kontre kare non, l'ap gen 2 djaz, Nu-Look avèk nouvo djaz Richie ap fè la a. Gazzman se yon ansyen chantè, laj ap antre sou li seryezman, kote anpil jèn k'ap soti nan moman sa la, se Konpa Love, Zouk yo tande, eske Gazzman ka fè yo vin nan DISIP. Me djaz ki gen nan Miami, Nu-look, Harmonik, Gabel, Zenglen, Disip, plis djaz Richie pral fè la, alò eske DISIP ap gen ase nan djakout li pou li ta va nimero 1 oubyen 2 djaz nan Miami. 

Eske Kanaval sa Gazman mete deyò an ap ka ede DISIP, oubyen sa demontre ke Gazzman santi'l pran nan mera li oblije ap fè demagoji. Pa gen moun ki t'ap tann yon kanaval nan men Disip, tanke Gazzman antre nan stidyo al travay sou yon albòm, ebyen se yon kanaval li mete deyò. Pa tro lontan la li te mete yon albòm foto deyò, pa yon albòm mizik non, men yon albòm foto. Gazzman p'ap fè anyen mizik la menm. Alò eske se montre li vle montre Arly Lariviere avèk Richie ke li ka fè.

Rate this blog entry
0 votes
Mezanmi has not set their biography yet

Comments