Nou menm lèzòm gen yon seri de bagay lè yo rive'w ki montre'w anpil leson. Tout moun konn ap di Arly Larivierre pa ka chante lòt mizik, ke ti konpa love ebyen mesye dam Maestro a al nan stidyo'l epi li pote LAVI yon mizik DP Express ke li refè. Alò tande mizik la http://www.anmwe.com/social/index.php/videos-top/Rele.Anmwe/video/109-arly-lariviere-la-vi--dp-express--brand-new-song-2011 .
Lè w'ap we refè yon mizik, pou respè moun yo ki te fè li an, ou pa al voye monte ladan. Se yon Klasik mizik yo ye, depi ou mete trop ladan ou gate'l. Mizik sa se yon ekzanp pou moun k'ap refè mizik, pa gen lòbeyis ladan. Klasik, Bravo a Arly