Prezidan Michel Martelly ki gen pou resevwa Oprah lè li rive an Ayiiti. Martelly espere Oprah Winfrey sèvi kòm yon anbasadè pou Ayiti. Li vle pou Oprah ede li jwenn plis èd pou Ayiti pou ka ede moun ki deloje akoz de tranbleman de tè ki te pase an 2010.
Oprah gen pou li rive an Ayiti Dimanch swa, epi li gen pou li al vizite Kanp ki an ba jesyon aktè Sean Penn ak group èd ARH J/P Lendi Prezidan Martelly gen pou rankontre ak li menm jou sa a tou.
Farrakhan rive an Ayiti pou 5 jou vizit. Farrakhan di l'ap chèche fason pou'l wè kouman òganizasyon pa li an ka ede Ayiti. Li di li te lè e tan pou li te mete pye'l sou tè sakre Ayiti an. Li pare pou'l tande, aprann, diskite, epi aprann de vodou.