Fanm Ayisyèn: Mwen ta renmen Ayiti gen koulè zye w, mwen ta renmen Ayiti gen koulè souri w, mwen ta renmen Ayiti gen koulè bote'w, mwen ta renmen Ayiti gen sant kò w, mwen ta renmen Ayiti gen fòm 'kò w. Ayiti, ou menm ki pa pè imilyasyon, ou menm ki pa pè vye akizasyon, ou menm ki pa konn milatrès, ou menm ki pa konn tèt kròt, do w laj, chay bourik paka pote, se sou ou li tonbe, bon Dye fè ou gen bon zago! Ke kè w kontinye ponpe lanmou menm lè w'ap soufri, ke lespri w pa janm fennen menm lè soufrans ap mòde w...
Yon bote ki si "rare" e si "precieuse", menm dyaman pagen yon tyè nan valè ou posede, ou fè laviwonndede nan lòlòj mwen, ou danse tankou wanganègès nan sèvo m, ou jwe tankou banbou nan lespri'm, ou chante tankou rosiyòl nan panse m, ou ranpli kè m tankou dlo sous ranpli yon kanari, trouve yon bote ki paralèl a ou, se swa jamè, trouve yon lòt kè ki pataje plis lanmou pase'w, se swa jamè, trouve yon lespri ki pa janm fremi tankou'w, se swa jamè, trouve yon lot kè ki charitab, padonab e pi sansib ke ou, se swa jamè...
Chalè pasyon detoufe nan chodyè w, tankou pistach griye, ou pote amizman nan bonè m, loray gronde pa fè'w pè, gro kout zeklè paka chavire'w. Yon jou, chanpwèl va vole gagè lè li wè'w, makanda va kouche tèt anba lè li kwaze w, yon jou, volè va met ajenou devan pye w pou konfese, kriminèl va koubi devan w ak dlo nan zye pou mande'w pitye, yon jou, pitit ou yo va konnen pagen pi bon manman ke ou, yon jou, tout Ayisyen va gen rekonesans.
Ayiti, nan zye etranje, ou se yon poubèl, nan zye'm, ou se pi bèl mèvèy ki ekziste, zetwal pa bezwen briye pou bote'w parèt, solèy pa bezwen klere pou reflè w pèse. Ayiti cheri, se maji ki pa janbe dlo, distans lanmè paka gate lanmou m gen pou ou. Mwen fou pou ou, mwen fou pou ou...
Ayiti doudou, se sèl nan fanm Ayisyèn mwen retrouve dousè w, se nan souse lang fanm Ayisyèn mwen repran gou w, Ayiti la Rèn Kreyòl, se nan souse pwent tete fanm Ayisyèn mwen konprann sansibilite w, Ayiti chouchou, se nan fè lanmou ak fanm Ayisyèn mwen remake chalè pasyon w pagen parèy, Ayiti Tandrès, se nan Alsiyis fanm Ayisyèn mwen konn ke w pale kreyòl lè w ap fè lanmou, Ayiti pasyonant, se nan bèl gouyad fanm Ayisyèn mwen remake m pap janm kapab kite'w pou yon lòt fanm...